Fritz Alphonse Jean te vin ofisyèlman nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) apati vandredi 7 mas 2025, ranplase Mesye Leslie Voltaire. Li pral rete nan pòs sa a jiska 7 dawout 2025, dapre rezolisyon 4 oktòb 2024 la sou prezidans tounant lan.
Seremoni pasasyon pouvwa a te fèt nan Viladakèy, avèk prezans Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, manm Gouvènman li an, Kòmandan an chèf Lame a, Derby Guerrier, Direktè Jeneral Polis la, Rameau Normil, Chèf Misyon miltinasyonal la, Godfrey Otunge, ak plizyè manm nan kò diplomatik la.
Leslie Voltaire eksprime fyète li pou l pase flanbo a bay Fritz Alphonse Jean, e li souliye ke prezidans tounant lan reflete matirite politik manm Konsèy la. Li remèsye kòlèg li yo ak tout moun ki te sipòte l pandan manda li a, e li bay yon bilan reyalizasyon li yo. Li te di tou ke KPT a sou bon chemen pou atenn objektif li yo: sekirite, refòm konstitisyonèl, ak eleksyon. Li swete Fritz Alphonse Jean bon travay epi li ofri sipò li ak sipò lòt Konseye-Prezidan yo.
Fritz Alphonse Jean pwomèt pou l kontinye travay pou KPT a akonpli misyon li. Li rekonèt efò predesesè li a pou fè peyi a avanse. Li raple enpòtans linite nan batay kont ensekirite a, e li pwomèt pou l mobilize tout resous Leta pou pote lapè nan peyi a. Nan sans sa a, gen anviwon 3 000 rekritman ki pral fèt nan Lame ak Polis la. KPT a ap pran plizyè lòt mezi pou rezoud pwoblèm peyi a ap fè fas la, epi li ap fè tout sa l kapab pou l toujou pi pre popilasyon an pou asire byennèt li.